
MSS la okouran de enfòmasyon fo ak pwopagann malonèt k ap sikile sou plizyè medya sou entènèt. Se defetis ki mete l deyò paske yo rann yo kont dèske operasyon desiziv yo kòmanse, jou gang yo konte.
Pwopagandis yo kòmanse simaye fo enfòmasyon pou di MSS pèdi sòlda nan KENSCOFF. Mwen vle mete sa klè: MSS pa pèdi okenn manm li nan okenn konfwontasyon ak gang nan KENSCOFF. Okontrè, MSS ansanm ak PNH reprann estasyon repetisyon an nan zòn nan, epi kounye a li byen pwoteje.
Defetis yo kontinye simaye lòt fo enfòmasyon pou di gen pèsonèl MSS ak polisye PNH ki viktim nan kout zam zanmi. Sa pa gen anyen pou wè ak reyalite, paske MSS ak PNH antrene ansanm epi yo kontinye fè operasyon ansanm san okenn pwoblèm malgre tout pwopagann k ap fèt.
Dènye fo enfòmasyon k ap sikile a se pou di kòmandan fòs MSS la ap kritike operasyon yo epi ap jete fòt sou PNH. Mwen vle mete l klè ke relasyon travay ant Direktè Jeneral PNH la, NORMIL RAMEAU, ak mwen menm, GODFREY OTUNGE, Kòmandan Fòs MSS la, toujou solid e chaje ak respè. Nou planifye ak òganize operasyon sekirite ansanm epi nou pataje resous yo pou gen pi bon rezilta posib.
Mwen vle avèti moun k ap simaye fo enfòmasyon sa yo ke yo pap reyisi. Kòmandan Fòs MSS la pa pale ak okenn medya lokal ni entènasyonal. Nenpòt kominikasyon ofisyèl ap fèt atravè Biwo Kominikasyon Estratejik MSS epi ap pataje jan sa toujou fèt.
Nou ankouraje pèp Ayisyen an pou kontinye sipòte ak kolabore ak MSS ak PNH. MSS la rete angaje nan misyon li epi l ap travay ansanm ak PNH pou Ayiti reprann bèl imaj li.
MÈSI ANPIL. BONDYE BENI AYITI.
Godfrey Otunge, EBS, OGW (SAIG)
Kòmandan fòs MSS la
Comments